Tout sa ou gen pou reyalize ap komanse nan tèt ou tankou yon rèv. Yon rèv se sa ou ta renmen wè ki rive demen ou eksprime ak pawòl Jodi-a.
Panse-w ka kreye. Tout bagay kòmanse nan tèt ou avan-l rive fèt nan reyalite-a. Se sa nou rele panse kreyatris. Panse kreyatris la se rive jwen-n osinon amelyore nouvo fason pou-w fè yon bagay.
Ou dwe kòmanse kwè sa-w panse a pwal rive. Sa-a se verite. Lè ou met nan tèt ou yon bagay ka fèt ou prepare lespri, ou mete sèvo ap travay poul jwen’n yon jan pou sa rive fèt.
Lè ou kwè tou yon bagay enposib, sèvo-w al travay poul prouve se vre. Men lè ou kwè, lè-w vrèman kwè yon bagay ka fèt, ou mete machin nan tèt ou an mach pou’l jwen fason pou sa rive vin’n reyalite.
Se men-m jan an, ou ka jwen-n jan pou-w renmen yon moun si ou kwè ou kapab.
Ou ka rive jwen’n solisyon a pwoblèm ou yo si-w kwè ou kapab.
Lafwa baw fòs pouw kreye. Lè ou vle reyalize yon bagay, kite lide bagau sa-a rantre nan tèt, poul domine panse. Epi, kòmanse panse, vrèman panse kòman ou ka rive reyalize bagay sa-a, pale ak moun ki ka ede-w reyalize bagay sa-a, wap wè ou kòmanse jwen-n lide souk òman ou rive reyalize bagay sa-a.
Si gen volonte, gen mwayen. Si-w kwè, ou kapab. Sa-a se baz lespri kreyatris la.
@rooseveltjf
Leave a Reply