rooseveltjeanfrancois

A leadership platform for you

Lidèship,Laozi, Lao Tsu, Tao te Ching: kiltive lavèti an’ndan w, lap pwopaje deyò. Kòmanse ak pwòp tèt pa-w. Rès yo ap swiv.

Sa-w byen plante paka dechouke.

Sa-w byen kenbe paka glise nan men-w.

Sa-a se bonè yon jenerasyon a yon lot.

Kiltive vèti pou pwòp tèt pa-w,

Vèti ap vin’n reyèl nan lavi-w.

Kiltive-l nan fanmi-w,

Vèti ap pwopaje sot deyò.

Kiltive-l nan vilaj la,

Vèti ap grandi.

Kiltive-l nan peyi-a,

Vèti ap vin’n abondan.

Kiltive-l nan inivè-a,

Vèti ap toupatou.

Laozi-Lao Tsu

Tradiksyon Roosevelt Jean-Francois

http://www.rooseveltjeanfrancois.com


Posted

in

by

Comments

Leave a comment