Yè swa li ta pwal minwi
Ti moun yo komanse konte
10, 9, 8…
Map debouche champay la
7, 6…
m’pa jwen bouchon an
plis map fè vit
plis tan ap pase
5, 4…
Boutèy Champay la nan men’m
M’rele Tan’n mwen, Tan’n mwen
3,2,1 ….
WEeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeee!
Jonatan pran boutèy champay la
li ouvè-l.
2010 komanse.
M’ri tèt mwen.
Yo ri’m tou.
M’kontan.
M’aprann m paka kanpe tan an
M’apran’n tou: ou toujou bezwen yon pipiti pase-w
Roosevelt
Leave a Reply