rooseveltjeanfrancois

A leadership platform for you

#Leadership & #Tao te ching! yon tradiksyon kreyol de sa Lao Tsu panse.

Sa-w byen plante paka dechouke.

Sa-w byen kenbe paka glise nan men-w.

Sa-a se bonè yon jenerasyon a yon lot.

 

Kiltive vèti pou pwop tèt pa-w,

Vèti ap vin’n reyèl nan lavi-w.

Kiltive-l nan fanmi-w,

Vèti ap pwopaje sot deyo.

Kiltive-l nan vilaj la,

Vèti ap grandi.

Kiltive-l nan peyi-a,

Vèti ap vin’n abondan.

Kiltive-l nan inivè-a,

Vèti ap toupatou.

 

Lao Tsu

Tradiksyon Roosevelt Jean-Francois

http://www.rooseveltjeanfrancois.com

Comments

Leave a comment